Anvan 1492, zile Ayiti se te teritwa moun Arawak (sitou Tayino) ki t ap viv de agrikilti, lachas, lapèch, komès, e latriye. An 1492, Kristòf Kolon ak kolon panyòl vin fè dappiyanp sou zile a, yo rele l Ispanyola epi yo mete Arawak yo nan esklavaj. Se kon sa Arawak yo vin disparèt sou zile a an ba konsekans maladi ak jenosid. Nan lane 1697, zile a vin divize an de (2) teritwa : lwès teritwa a (yo tyè zile a) pou Lafrans (koloni Sen Domeng) epi pati lès la pou Lespay (Santo Domingo).
Malgre Ayiti vin endepandan an 1804 (premye nasyon nwa endepandan nan zòn Amerik la), se jis nan lane 1982 Minis Edikasyon Nasyonal, Joseph C. Bernard, te pibliye pou premye fwa yon dekrè pou lang kreyòl sèvi kòm lang ansèyman nan 10 premye ane lekòl. Nan lane 1987, Konstitisyon peyi d Ayiti vin rekonèt kreyòl ak franse kòm de (2) lang ofisyèl ak kreyòl kòm sèl lang nasyonal. Menm Konstitisyon sa a te mande kreyasyon yon Akademi Kreyòl Ayisyen ki vin inogire an desanm 2014. Jounen jodi a (an 2023), Minis Edikasyon Nasyonal, Nesmy Manigat, ap feraye pou kreyòl sèvi kòm lang ansèyman nan tout nivo lekòl. Depi 2019, Platfòm MIT-Ayiti se sèl sit entènèt k ap kore kreyasyon ak ditribisyon an konbit materyèl edikatif an kreyòl, gratis ti cheri, pou tout matyè nan tout nivo klas.~Michel DeGraff Ph.D